Kijan pou kreye yon idantite vizyèl fò pou mak ou

Nan yon mache ki gen anpil konpetisyon, fason kliyan wè mak ou gen anpil enpòtans. Yon idantite vizyèl fò se kle pou atire atansyon, bati konfyans, epi fè moun sonje ou fasil. Kit ou gen yon biznis lokal, yon biznis sou entènèt, oubyen toude, idantite vizyèl ou se “figi” mak ou sou tout chanèl. Ann wè kèk etap senp pou bati l. 1. Konnen mak ou ak valè li yo Anvan ou chwazi koulè ak logo, ou dwe konnen kilès ou ye kòm mak. Ki mesaj ou vle voye? Ki valè ou vle kliyan yo asosye ak ou (konfyans, inovatè, senplisite, elatriye)? Klarifye pwen sa yo ap gide tout desizyon vizyèl ou yo. Egzanp: Si ou gen yon startup teknoloji, ou ka mete aksan sou inovasyon ak efikasite. 2. Chwazi koulè ki reprezante mak ou Koulè yo gen siyifikasyon nan sa w vle reflete kòm mak e gen enpak tou sou fason kliyan yo wè mak ou a. Li enpòtan pou ou Chwazi yon palèt koulè ki koresponn ak mesaj ou. Pi bon an se chwazi 2 a 3 koulè prensipal epi sèvi ak yo regilyèman sou tout materyèl ou yo (logo, afich, sitwèb, rezo sosyal). 3. Genyen yon logo Logo a se senbòl ki reprezante mak ou. Li pa bezwen twò konplike, men li dwe fasil pou rekonèt. Yon bon logo fonksyone sou plizyè fòm (kat vizit, afich, rezo sosyal, sitwèb). Fòk logo a tou ka adapte a plizyè travay tankou enpresyon sou mayo, bwodri, Senyalizasyon 3d, dekoupaj laser, ect… Konsèy: 4. Chwazi yon tipografi ki reflete mak ou Tipografi yo (font) kontribye anpil nan pèsonalite vizyèl mak ou. 5. Kenbe konsistans sou tout platfòm Yon idantite vizyèl fò pa depann sèlman de konsepsyon, men de konsistans. Sèvi ak menm koulè, menm logo, menm tipografi, ak menm stil imaj sou tout platfòm ou: Konsistans fè kliyan yo rekonèt ou rapidman, nenpòt kote yo wè mak ou. 6. Kreye yon gid idantite vizyèl Pou evite konfizyon, prepare yon dokiman senp ki eksplike: Sa ap ede w kenbe menm imaj mak la, menm lè ou travay ak lòt moun (grafis, ajans piblisite, elatriye). Konklizyon Yon idantite vizyèl fò se yon envestisman ki gen rezilta sou mayen ak sou long tèm. Li fè mak ou plis pwofesyonèl, fasil pou sonje, epi pi konpetitif. Nan yon mache tankou Ayiti kote anpil biznis ap itilize rezo sosyal ak solisyon dijital, yon bon idantite vizyèl kapab separe ou ak rès yo epi atire plis kliyan. Sonje: senplisite, konsistans ak orijinalite se twa poto prensipal pou bati yon imaj vizyèl ki solid.

Kijan pou kreye yon idantite vizyèl fò pou mak ou Read More »